Accessibility links

Breaking News

Iran/Dosye Nikleyè : Prezidan Obama Ensiste sou Enpòtans Diplomasi nan Rechèch yon Solisyon.


Sou foto sa a (dat: 9 nov 2013) Sekretè Deta ameriken John Kerry -3èm agoch- tap rankontre ak Wo Reprezantan Inyon Ewòp la pou Afè Etranjè, Catherine Ashton -nan mitan- epi ak Minis Afè Etranjè iranyen an, Mohammad Javad Zarif -3èm adwat- nan yon rankont ki te fèt nan vil Jenèv sou pwogram nikleyè iranyen an.
Sou foto sa a (dat: 9 nov 2013) Sekretè Deta ameriken John Kerry -3èm agoch- tap rankontre ak Wo Reprezantan Inyon Ewòp la pou Afè Etranjè, Catherine Ashton -nan mitan- epi ak Minis Afè Etranjè iranyen an, Mohammad Javad Zarif -3èm adwat- nan yon rankont ki te fèt nan vil Jenèv sou pwogram nikleyè iranyen an.
Nan Washington, Prezidan Barack Obama di gen posiblite pou 6 puisans mondyal (Lèzetazini, La Grand Bretay, Lafrans, Lachin, Larisi ak Lalmay) jwenn ak Iran yon antant sou pwogram nikleyè peyi sa a nan fen negosyasyon ki rekòmanse sou dosye a mèkredi 20 novanm nan nan vil Jenèv, nan peyi Laswis. Lidè ameriken an te abòde dosye a nan yon rankont ki dewoule madi sou patwonaj jounal ameriken The Wall Street.

Misye Obama te parèt nan rankont la kèk èdtan aprè l te pale ak yon gwoup senatè ameriken pou l te mande yo ranvwaye tout desizyon sou nouvo sanksyon kont Iran. Daprè li, li enpòtan anpil-anpil pou moun rete gade pou wè si repiblik islamik la pale pawòl serye lè li fè konnen li dispoze jwenn yon akò sou kesyon zam nikleyè a avèk peyi oksidantal yo. Prezidan Obama deklare :

« Lide nap lanse bay ni Izraylyen yo, ni manm Kongrè a isit, ni kominote entènasyonal la --e nap lanse l tou pou Iranyen yo -- sè ke nou dwe chache teste pwopozisyon ki di, nan 6 mwa kap vini la yo, nou kapab rezoud pwoblèm nan gras ak mwayen diplomatik, pandan nap kenbe an plas prensipal sanksyon ki deja la yo. Epi, an tan ke prezidan ameriken, map kenbe tout opsyon yo sou tab la pou nou anpeche Iranyen yo posede zam nikleyè. Mwen panse se yon tès ki merite pou n fè. »

Senatè repibliken Bob Corker, ki te patisipe nan rankont la ap Prezidan Obama, fè laprès konnen Kongrè a pa pral anvizaje okenn lòt sanksyon kont Iran anvan vakans Fèt Thanksgiving nan, ou Jou Aksyon de Gras, ki pral rive semèn pwochèn nan. Sanatè Corker di:

“Mwen panse sitiyasyon pwovizwa nou genyen devan nou la a, se yon sitayasyon ki mete kèk lòt kesyon nan tèt mwen; e mwen gen pou m pale sou sa ak Sekretè Deta Kerry e ak lòt moun nan 2 zou 3 jou kap vini la yo. Men, rankont la se yon rankont nou apresye anpil; li fè n konprann pi byen ki opsyon ki sou tab la e ki antant negosyatè yo ap chache.”

Nan kòmansman semèn nan, prezidan iranyen an, Hassan Rouhani, te poste sou kont Twitter li yon mesaj kote li di nan premye seri negosyasyon yo nan Jenèv, 2 pati yo te preske rive jwenn yon antant; sepandan, li lanse avètisman pou l di si yon pati vle fè eksè epi li egzajere bagay yo, sa kapab konplike sitiyasyon an e bon rezilta tout moun ap cheche a pral enposib. Misye Rouhani te ajoute sou Twitter :

« Tout aktivite nikleyè Iran ap mennen yo, se aktivite pasifik kap dewoule sou sipèvizyon Nasyon Zini, via Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la, AEEA. »

6 puisans mondyal yo ta renmen pou Iran sispann anrichi iranyòm, alòske Iran, bò kote pa l, ap chache yon soulajman anba sanksyon entènasyonal ki preske paralize ekonomi nasyonal li a.
XS
SM
MD
LG