Prezidan ameriken an, Barack Obama, pral lanse yon apèl pèsonèl bay manm Kongrè a pou l mande yo ranvwaye tout desizyon pou yo pran nouvo sanksyon kont Iran nan moman negosyasyon entènasyonal ap dewoule pou chache fè peyi a elimine pwogram nikleyè I la. Misye Obama ap fè yon rankont madi 19 novanm 2013 la nan La Mezon Blanch avèk lidè Sena a ki an chaj divès komisyon --tankou komisyon sou afè bankè, relasyon entènasyonal, operasyon militè ak sèvis sekrè.
Prezidan ameriken an ap mete devan lidè sa yo yon rapò sou negosyasyon kap fèt nan vil Jenèv, nan peyi Laswis, ant Iran ak 6 puisans mondyal –negosyasyon ki pral rekòmanse mèkredi 290 novanm nan, epi Misye Obama pral kontinye presyon administrasyon l nan ap fè pou pèmèt efò diplomatik sa yo avanse.
Lendi a, pòtpawol Depatman Deta a, Jen Psaki, te pale pou l di pa genyen pyès kesyon sou sa : Se konsekans sanksyon ki egziste déjà yo ki pouse Iran vin bò tab negosyasyon an epi mande pllis tan pou negosyasyon sa yo abouti. Madam Psaki di:
« An fèt, nou pi pre pase jan nou te ye depi plizyè lane, pou n jwenn yon akò ak Iran atravè negosyasyon ak gwoup P5 Plis 1 an. Alòs nou pa ta vle kite sa pou n al tonbe nan altènativ la, ki se yon wout kap debouche sou agresyon, sou yon konfli posib e ki ka menm mennen nan lagè. Se pou sa nou ta vle bay diplomasi yon chans pou l evolye, yon chans pou l reyisi. »
Kèk manm Kongrè ameriken an mande pou Lèzetazini enpoze kèk lòt sanksyon tou nèf sou Iran; paske, daprè yo, sa ta kapab fòse peyi sa a kite pwogam nikleyè l la tonbe.