Accessibility links

Breaking News

Yon Atak ak Bonm nan Liban Touye Plis pase 20 Moun


Sòlda, polisye ak pèsonèl medikal rasanble nan anplasman eskplozyon an, devan anbasad Iranyèn nan nan Bewout (19 Nov. 2013).
Sòlda, polisye ak pèsonèl medikal rasanble nan anplasman eskplozyon an, devan anbasad Iranyèn nan nan Bewout (19 Nov. 2013).
Nan peyi Liban, Depatman Sante Piblik la fè konnen 2 eksplozyon fèt tou prè anbasad Iran an nan vil Bewout. Bilan: 22 moun pou pi piti mouri tandiske plis pase 145 lòt blese.

Eksplozyon sa yo –ki fèt madi 19 novanm nan- lakoz gwo dega nan bilding ki nan zòn nan -pami-yo gen lokal anbasad lranyèn nan. Televizyon nan Liban pase imaj ki montre yon liyn machin ki pran dife e yo kankannen nèt ; moun ka wè tou yon kantite debri nan lari a. Sa rive nan yon katye ki reprezante yon baz solid pou gwoup militan libanè Hezbollah.

Omwen 2 lòt atak ak bonm te déjà frape zòn nan ane sa a. Hezbollah gen lontan depi lap ede konbatan rebèl yo nan Siri, yon peyi vwazen, e li se youn nan prensipal patizan yo avèk Iran.
XS
SM
MD
LG