Accessibility links

Breaking News

Filipin: Sitiyasyon an Grav Toujou 13 Jou apre Pasaj Tifon Haiyan.


Mèrin ameriken ap fè livrezon manje ak dlo pou viktim Tifon Haiyan nan Filipin (San Jose,Filipin, 18 novanm 2013).
Mèrin ameriken ap fè livrezon manje ak dlo pou viktim Tifon Haiyan nan Filipin (San Jose,Filipin, 18 novanm 2013).
Nan FIlipin, Prezidan Benigno Aquino fè sèman li pral kenbe kontwòl sitiyasyon tèrib Tifon Haiyan kite nan peyi a depi 8 novanm pase a jiskaske li va satisfè ak efò sekou yo. Misye Aquino pran angajman sa a dimanch pandan li tap vizite 2 zile nan sant peyi a (Samar ak Leyte) kote move-tan an komèt plis dega e touye plis moun pandan pasaj li sou peyi a.

Nan menm jounen dimanch la, moun te ka wè plizyè milye fidèl filipen ki te reyini nan legliz kraze pou yo lapriyè : genyen ki priye pou yo remèsye Gran Mèt la deske yo vivan toujou ; genyen ki priye pou nanm plizyè milye konpatriyòt yo ki peri nan tifon an.

Pandan Prezidan Aquino tap vizite vil Guiuan sou zile Layte, li te pale pou l di kijan li apresye travay volontè ki sòti tou patou atravè lemond pou pote sekou bay popilasyon sinistre a. Prezidan Aquino di:

“Gouvènman an kapab leve kanpe pou l fè fas ak sitiyasyon an. Tèlman genyen peyi kap ede nou, pèp filipen an pral kapab rekanpe sou 2 pye l. Men si moun nan tout ti vil te leve kanpe pou pote konkou yo imedyatman, travay la tap pi fasil e pi rapid.”

Daprè dènye chif gouvènman an pibliye dimanch, Tifon Haiyan touye omwen 3 mil 974 moun e gen anviwon mil 200 lòt ki disparèt toujou. Anpil nan yo te pèdi lavi yo lè gwo dlo te bwote yo ale nan lanmè pandan pasaj youn nan pi move tan ki janm frape Planèt Tè a.
XS
SM
MD
LG