Accessibility links

Breaking News

Filipin-Dezas Natirèl : Sitiyasyon an Difisil Toujou 6 Jou apre Pasaj Tifon Haiyan


Nan FiIlipin, absans mwayen sikilasyon anpeche efò sekou yo dewoule nòmalman, 6 jou apre pasaj Tifon Haiyan ki devaste yon bon pati nan peyi a. Konsa asistans popilasyon sinistre a bezwen anpil-anpil pa kapab rive nan divès zòn kote pliyzè milye moun ap tann pwodui premye nesesite pou yo kontinye viv.

Chèf ajans sekou imanitè Nasyon Zini an, Valerie Amos, rive nan sant Filipin mekredi e li deja fè yon virewon nan rejyon Tacloban ki sibi gwo kokenn dega anba tifon an. Madam Amos pale ak laprès pou l di, daprè sa l konstate, pa gen ase pwovizyon ki ale jwenn moun ki gen bezwen ijan pou pwodui tankou manje, enstalasyon medikal, dlo potab ak sanitasyon de baz, elatriye.

Madam Amos deklare: “Alòs, sa map eseye fè, se fè bagay yo mache dekwa pou manm pèsonèl nou an kapab vini isit l a. Mwen wè tout imaj yo; mwen tande plenyen moun yo. Mwen dakò totalman avèk yo: nou pa kapab genyen moun ki dezespere konsa, ki pa ka jwenn anyen pou yo manje, ki pa ka jwenn dlo pou yo bwè. Sa, se nesesite de baz kretyen vivan.”

Nan moman kantite moun ki mouri yo ap ogmante, prezidan filipen an, Benigno Aquino, twouve l anba plis presyon pou l akselere operasyon distribisyon dlo, manje ak medikaman nan mitan popilasyon an. Pandansetan, nan peyi Taywann otorite yo ap fè mouvman pou yo ranfòse yon ekip medikal yo deja voye nan Filipin. Liu Chi-Chun se responsab operasyon medikal Kò de Lapè nan Taype, kapital Taywann. Li pale de efò peyi sa a deplwaye pou l reponn alapèl sou teren an nan Filipin.

Li fè konnen: ” Ekip nou ki sou teren an kounye a gen kapasite pou l trete ant 8 e 10 moun moun. Nou dispoze rete isit la pandan tout yon semèn. Men si sa nesesè, si nou bezwen plis tan pou n pran swen malad yo, pou n trete moun ki blese yo, pètèt nou ka pase plis tan e menm mande pou yon lòt ekip doktè sòti Taywann pou vin ranplase nou.”

Asistans avyasyon militè Lèzetazini kontinye rive nan peyi Filipin. Pa egzanp, sòlda ameriken ap patisipe nan efò pou deplase moun ki nan zòn kote tifon an komèt plis dega yo.

Pòt-avyon USS George Washington ak 4 lòt bato ameriken deja rive nan peyi a. Bato sa yo pote elikoptè ak lòt kalte avyon kap distribiye asistans imanitè ki ka sèvi pou sove lavi moun nan rejyon rekile yo.
XS
SM
MD
LG