Accessibility links

Breaking News

Filipin-Dezas Natirèl: Yon Pòt-avyon Ameriken Pote Sekou nan Peyi a


Yon gwo bato de gè Lèzetazini, USS George Washington, rive nan peyi FIlipin ak manje, dlo epi lòt pwovizyon premye nesesite pou yon nasyon kote Tifon Haiyan kite popilasyon an san okenn nan sa li bezwen pou l viv. Pòt-avyon-an ap patisipe nan efò sekou dijans kap fèt pou pote tout kalite pwovizyon nan vil Tacloban, ki sou kòt Filipin e kote yon afè de 200 mil moun pèdi tout sa yo te posede pandan pasaj tifon an vandredi pase a.

Pantagòn nan –kidonk, Depatman Defans Lèzetazini an—fè konnen USS George Washington ak 4 lòt bato ki rive nan Gòlf Leyte a, nan Filipin, genyen abò yo elikoptè ak lòt aparèy espesyal ki nesesè pou transpòte pwovizyon esansyèl nan zòn kote moun pa ka ale fasilman, akoz pa gen mwayen deplasman nòmal nan rejyon sa yo. Brigadye jeneral ameriken, Paul Kennedy, twouve l nan tèt yon gwoup mèrin ki deja sou plas nan vil Tacloban.

Jeneral Kennedy -- ki tap pale ak repòtè Lavadlamerik Steve Sherman, di :
"Sa kap vini isit la, se aparèy pou pirifye dlo kap rive jodi a. Mwen pa ka bay detay teknik sou sa ; men nwen ka di bagay sa yo ap rive sòt Japon. Sa ki nan wout tou, se aparèy espesyal pou nou repare teren avyasyon yo ansanm avèk materyèl pou n enstale yon mini tou-de-kontwòl. Li pap genyen yon vrè radar, se vre; men lap ka fè travay ki nesesè pou pèmèt avyon ateri nannuit. Ansuit, genyen aparèy kap bay limyè nou pral enstale jodi a. Alòs, a pati de Jodi a menm, nou kapab lanse yon seri de operasyon kap fonksyone 24 sou 24."

Jeneral Kennedy ajoute lame amerikèn deja transpòte yon afè de 50 tòn pwodui alimantè nan vil Tacloban kote sitiyasyon an vin grav seryezman akoz mank elektrisite, mwayen kominikasyon ak dlo pwòp pou moun yo bwè. Jiska madi 12 novanm nan –swa 4 jou aprè pasaj move tan an-- chif ofisyèl la pou bilan moun ki mouri yo te mil 774. O kòmansman, akoz plizyè milye moun ki disparèt, plis le fèt ke otorite yo pa gen okenn nouvèl sou jan sa ye nan divès vil ak vilaj depi tifon an te pase, yo te estime 10 mil moun konsa te peri. Sepandan, prezidan Filipin nan, Benigno Aquino, ki pale ak chèn televizyon CNN, fè konnen chif la kapab pi ba anpil-anpil.

Yon gwoup nasyon devlope ofri asistans ki monte rive plizyè santèn milyon dola --pami yo gen Lèzetazini avèk yon èd inisyal 20 milyon. Oganizasyon Nasyon Zini lanse apèl pou l mande donatè entènasyonal yo yon pakè-èd 301 milyon dola pou moun ki sòti vivan anba Tifon Haiyan yo.
XS
SM
MD
LG