Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Ensekirite: Pwotestasyon Polisye kont Lanmò yon Kòlèg yo


Polisye ayisyen pran lari pou yo pwoteste kont yon seri asasina ki vize manm PNH yo
Polisye ayisyen pran lari pou yo pwoteste kont yon seri asasina ki vize manm PNH yo

Yon gwoup polisye pran lari mèkredi 18 avril la, nan Pòtoprens, kapital peyi d Ayiti, pou yo pwoteste kont lanmò yon kòlèg yo anba men sekirite yon manm palman an, yon depite. Nan kèk kote, polisye yo te bloke sikilasyon e yo te menm tire anlè pou montre kijan yo pa kontan. Nan menm okazyon an, kèk manm PNH te ale devan palman an kote yo mande leve iminite depite konsène a dekwa pou l reponn kesyon lajistis sou dosye a. Sitiyasyon sa a oblije Premye Minis demisyonè a, Doktè Garry Connille, sòti nan silans lap obsève depi kèk tan deja pou l lanse yon apèl kote l mande polisye yo gade kalm yo e retounen nan komisarya yo. Menm apèl la sòti bò kote Prezidan chanm depite a, Lavaillant Louis-Jeune, ki mande yon fen nan sitiyasyon kote "moun ame ap sikile an tout libète" nan peyi a. Dènye nouvèl yo di Prezidan Michel Martelly, ki entène lopital nan Miami, fè parèt yon kominike kote li mande pati konsène yo mete dlo nan diven yo. Anfen Minis Afè Etranjè a, Laurent Lamothe --ki se kandida pou plas Premye Minis la-- lanse yon apèl nan menm sans la.
XS
SM
MD
LG