Accessibility links

Breaking News

Tifom Haiyna Touye 3 Moun Nan Peyi Philippine, Pwovoke Dega e Koupe Kominikasyon


Youn nan siklòn pi pisan yo janm pase sou achipèl filipen an, frape Philippines kote li pwovoke eboulman, lavalas labou, kraze kay ak bilding e touye omwens 3 moun.

Anpil rejyon nan penensil la san kouran elektrik, kominikasyon telefonik, kominikasyon pa lawout nan moman tifon Haiyan koumanse ap pase sou zile Leyte ak Samar.

Haiyan pote van kap soufle a 315 kilomèt alè e ak rafal ki ka pi puisan toujou nan moman lap pase sou zile yo. Otorite yo konfime gen 3 pou kounye a ki pèdi lavi yo e yo atann aske bilan an ka vinn pi lou toujou.

Plizyè santèn milye moun atravè 29 pwovens peyi a afekte anba konsekans move tan an.

Prezidan Benigno Aquino te pale ak sitwayen li yo anvan pasaj siklòn nan.

Misye Aquino deklare: “kòm filipen yo te montre l nan le pase, pa gen okenn tifon ki ka mete pèp filipen an ajenou, lè li ini e fè yon sèl.” E li ajoute “se espwa li yo pral pase eprèv sa a an sekirite nan jou kap vini yo ///"

Haiyan sipoze rete ap dodomeya sou achipèl Philippines-nan pandan tout jounen samdi 9 novanm nan.
XS
SM
MD
LG