Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Pervez Musharraf Jwenn Libète Pou l ale Kote Li Vle nan Pakistan, Eksepte Pati Kite Peyi a

Ansyen prezidan Pakistanè Pervez Musharraf jwen libète l nan rezidans siveye a, aprè yon tribinal finn ba li libète sou kosyon nan yon dosye ki gen pou wè ak asasina yon lidè mizilman nan ane 2007.

Se youn pami plizyè akizasyon k ap peze sou do ansyen lidè militè a ; akizasyon kòmkwa li ta gen men l tranpe nan asasina ansyen premye minis Pakistanè Benazir Bhuto nan ane 2007.

Responsab prizon yo libere msye Musharraf byen ta mèkredi 6 novanm nan; konsa li pral kapab ale kote li vle kounye la a ; sepandan yo entèdi l kite Pakistan.

Msye Musharraf te sezi pouvwa a nan lame 1999 nan yon koudeta pandan li t ap sèvi kom chèf deta majò lame pakistanèz la.
This item is part of
XS
SM
MD
LG