Sekretè deta Etazini an, John Kerry kontinye demach l ap fè pou fè chita-pale lapè izrayelo-palestinyen yo vanse. Se yon demach k ap fèt nan Jòdani malgre 2 kan yo ap lonje dwèt youn sou lòt kòmkwa se lòt kan-an k ap gate negosyasyon k ap dewoule depi 3 mwa.
Pi gwo diplomat Etazini an rankontre avèk prezidan Mahmoud Abbas nan Amman, kapital Jodani, dènye etap misyon li nan Mwayen Noryan an pou kenbe chita-tande lapè yo sou ray.
Msye Kerry te gen plizyé konvèsasyon avèk msye Abbas e avèk premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu nan 2 jou ki sot pase yo.
Pandan rankont avèk Prezidan Izrayelyen an, Shimon Peres, chef diplomasi amerikèn nan di Lidè izrayelyen ak palestinyen yo pral gen pou yo pran kèk desizyon difisil pou yo vanse nan direksyon yon akò lapè.
Msye Kerry deklare: “Aprè konvèsasyon mwen genyen jodi a avèk premye minins Benjamin Netanyahu e prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas mwen gen konviksyon ke se pa yon misyon enposib; se yon bagay ki ka fèt . Sa pral mande pou tou 2 lidè yo pran kèk desizyon istorik ki difisil . sepandan mwen si e sèten ke se pral desizyon ki totalman nan enterè peyi respektif yo an palan de Izrayel ak eta palestinyen yo pral kreye a.”
Prezidan Izrayel la, Shimon Peres pataje pwen de vu msye Kerry yo paske li di: “Lè 2 kan yo kontinye ak konfli ki la depi plizyè dizèn lane a se pa yon bon altènativ.”
Lidè yo, anpil la dan yo pami yo prezidan otorite palestinyènn nan byen konnen yo pa genyen oken altènativ reyèl paske pa gen yon chemen veritab pou nou tabli lapè vrèman vre.
Gen altènativ pou renouvle konfli ak la hènn men pa gen oken lòt wout pou jwen lapè ke wout ki debouche sou solisyon 2 eta a.
Chita-pale k ap dewoule ant Izrayel ak kan Palestionyen an gen pou l rive nan bout li nan mwa avril pwochen e malgre enpass ki egziste kounye a Lèzetazini pa diminye atann li genyen sou kesyon an an piblik kote li di objektif yo vize a se toujou yon akò lapè global.