Accessibility links

Breaking News

Etazini: Gouvènè Eta New Jersey a, Chris Christie, Egzòte Washington Pou l Travay Ansanm


Elektè toupatou Ozetazini al vote nan kèk eleksyon enpòtan madi 5 novanm ki sot pase a e eleksyon ki byen kapab gen gwo repèkisyon sou eleksyon jeneral ki pral dewoule nan lane 2016 .

Gouvènè repibliken eta New Jersey Chris Christie ranpòte yon 2 zyèm manda fasil-fasil sou rival demokrat li a senatè nan lejislati Eta a , Barbara Buono. Moun konsidere gouvènè Christie kòm yon gwo rival pou nominasyon pati repibliken an nan lane 2016, espesyalman aprè li te fin akeyi prezidan Barack Obama nan eta New Jersey alasuit gwo kokenn siklòn Sandy ki te devaste eta sa a ane pase.

Mesye Christie, ki te pran la pawòl devan yon foul patizan, fè konnen viktwa li ranpòte a dwe bay palmantè nan Washington yo yon leson:

"Mwen konnen aswè a Lèzetazini santi li dekouraje e move kou kong, paske gouvènman an pap fonksyone byen nan Washington , e moun ap gade sou New Jersey pou poze kesyon kòmkwa; eske sa k ap pase la a, se sa kap pase tout bon vre? Eske pèp ameriken an ap pote kole vrèman vre? Eske afriken ameriken, latino, moun ki abite nan banlye, moun ki abite anba la vil, kiltivatè, pwofesè lekòl, eske tout moun sa yo ap travay ansanm tout bon vre? Enben, kite m reponn kesyon sa a pou tout moun ki ap gade aswè a; anba gouvènman m ap dirije la a, premye priyorite a, se fè travay ki dwe fèt la, e toutotan se mwen ki nan plas gouvènè a, travay pral toujou fini."

Nan yon lòt kous pou pòs gouvènè a, nan eta Virjini ki tou prè Washigton demokrat Terry MCAuliffe ranpòte yon viktwa de justess sou rival repibliken ni Ken Cuccinelli ki se kandida prefere faksyon iltra konsévaté Tea Pati a, yon pati ki pa dakò ditou ditou ak nouvo lwa sou swen sante prezidan Obama a kidonk Obama Care.
XS
SM
MD
LG