Accessibility links

Breaking News

Kanada: Majistra vil Toronto a Prezante Eskiz li bay Pèp Kanadyen an


Majistra vil Toronto, o Kanada , Rob Ford prezante eskiz li bay pèp kanadyen an aprè li fin admèt li konn fimen krak kokayinn.

Msye Ford di li santi li jennen dèske li desevwa sitwayen Toronto yo: "Mwen konnen mwen pral sètoblije travay pou mwen regenyen konfyans nou . Mwen renmen travay map fè a , e mwen renemen vil la . Mwen renmen ede kontribyab yo ekonomize lajan e mwen renmen le fèt ke se mwen ki majistra vil la. Gen travay enpòtan ki rete pou fèt e nou dwe pran desizyon enpòtan nan non moun k ap peye taks gran vil sa a , nan men moun k ap peye tax an jeneral , nou dwe rekòmanse travay imediatman. Nou dwe fè toronto ale de lavan."
XS
SM
MD
LG