Accessibility links

Breaking News

Konferans pou Lapè Sou Gè a kap Sakaje Siri


Sekretè deta Etazini an, John Kerry, deklare li atann li aske Siri patisipe nan chita-tande lapè moun ap pwopoze depi lontan malgre komantè responsab Siryen yo fè pou di negosyasyon yo pa kapab dewoule si moun ap mande pou prezidan Bashar al-Assad bay demisyon l.

Msye Kerry repete nan yon konferans pou la près nan Varsovi, kapital Polòy , ke pa gen okèn solisyon militè pou kriz Siri a , e li ajoute li espere rejim Damas la respekte pwomès li deja fè pou l fè negosyasyon.

"Mwen espere gouvènman siryen an ansanm ak rus , iranyen ak lòt moun kap apiye rejim Damas la pral asire yo ke gouvènman siryen an respekte angajman li pran pou l vin fè negosyasyon nan vil Jenèv , yon fason pou l jwenn yon solisyon pasifik nan konfli Siri a. E nou menm ak lòt moun deja endike ke nou pare pou nou reponn a lapèl e opozisyon an pare tou li mènm."

Chèf diplomasi amerikèn nan presize objektif chita-tande sa yo vize , se pou 2 kan yo tonbe dakò sou yon gouvènman tranzisyon ki pral gen bon jan otorite egzekitif nan men l , dekwa pou pèmèt pèp siryen an pran pwòp desizyon l sou yon avni a lon tèm.

Ajans nouvèl leta Siryen an, SANA , kap rapòte pawòl minis enfòmasyon Omran al-Zohbi , fè konnen gouvènman an pa pral patisipe nan chita-tande lapè ki mande pou prezidan Bashar al-Assad bay pouvwa a.

Manb opozisyon siryèn nan ensiste pou di negosyasyon yo pa ka fèt amwenske gen yon plan klè pou depa msye Assad.

Pandansetan, anvwaye espesyal Lig Arab ak Nasyon- Zuni Lakhdar Brahimi ap rankontre ak diplomat manb pèmanan Konsèy Sekirite Nasyon-Zini pou diskite sou preparasyon ki makònen ak konferans lapè siryen an.
XS
SM
MD
LG