Accessibility links

Breaking News

Yon Lidè Rebèl Lame Siryen Lib la bay Demisyon l


Nan peyi Siri, yon gwo lidè rebèl Lame Siryen Lib la ke Etazini apiye bay demisyon ni pou pwoteste kont batay k ap dewoule nan mitan gwoup rebèl k ap eseye dechouke prezidan Bashar al-Assad sou pouvwa a.

Abdul Jabbar Akaidi –kolonèl rebèl ki te dirije yon kokenn atak nan mwa Jiyè 2012 sou vil Alèp deklare li kraze yon kite sa pou pwoteste kont mezantant entènn li di ki fè gouvènman an pran kontwòl vil stratejik Safira ki nan nò peyi a vandredi ki sot pase a.

Msye Akaidi di tou, demisyon ni an se akoz kominote entènasyonal la pa reyisi bay
materyèl sipò pou ankouraje dechoukaj gouvènman Damas la.

Nan yon videyo ajans Frans Press pibliye, li fè deklarasyon sa a: "Nou vire do bay Siri e nou detache ak li konplètman."

Etazini poko fè komantè sou demisyon sa a.
XS
SM
MD
LG