Prezidan Barack Obama ap rankontre vandredi, nan La Mezon Blanch, avèk Premye Minis Irak la, Nouri al-Maliki, ki pral mande plis asistans militè ak yon kowoperasyon pi sere ant peyi li ak Lèzetazini.
Misye Maliki ap fè vizit sa a preske 2 zan aprè gouvènman l nan te refize kite fòs militè Lèzetazini rete nan Irak avèk yon iminite legal ki, daprè Washington, te nesesè pou pwoteje sòlda ameriken yo –Lèzetazini te ensiste anpil sou pwen sa a.
Chèf gouvènman Irakyen an ak manm delegasyon n nan –ki Ozetazini depi kèk jou déjà-- rankontre ak Vis Prezidan Joe Biden, Sekretè-Deta John Kerry, kèk lòt ofisyèl nan Administrasyon Obama a epi manm Kongrè ameriken an.
Nan jounen jedi 31 oktòb la, pandan Misye Maliki te pran lapawòl nan Enstiti Lapè Ameriken an ki baze nan Washinton, li di yon remonte aktivite rezo teworis al-Kayda a nan Irak (avèk èd li jwenn nan men senpatizan politik nan peyi tankou Siri ak Iran) poze yon menas pou lapè nan Irak ak rès rejyon an. Lidè irakyen an rekonèt sitiyasyon an ap deteryore nan peyi li ; le mond ta dwe gen kè-sote pou sa epi fè tout sa k posib pou anpche ak-Kayda ranpòte laviktwa.
Misye a-Laliki di : "Nap lanse avètisman sa a akoz yon sitiyasyon ki ban nou laperèz. Nou gen kè-sote devan posiblite pou òganizasyon teworis yo ranpòte laviktwa nan Siri. Se pou n priye Bondye pou sa pa rive. Nou menm ak tout rès mond la, nou fèt pou n fè tout sa n kapab pou n anpeche yon bagay konsa rive, pou n anpeche al-Kayda ak lòt ògazizasyon teworis yo gen viktwa nan okenn peyi, pa sèlman Siri, Irak ak Libi."
Misye al-Maliki pataje menm pozisyon ak La Mezon Blanch sou reson ki fè zak vyolans yo monte rive nan yon nivo moun pat janm wè nan lagè sivil la depi ane 2006 ak 2008. Atak ki dewoule ane sa a sèlman deja touye plis pase 7 mil moun. Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, di Lèzetazini genyen gwo preokipasyon akoz monte vyolans sa a.
Misye Carney deklare : "Li enpòtan pou n fikse atansyon nou sou sous vyolans sa a. Lap sòti bò kote al-Kayda ak afilye l yo.Yap eseye pwovoke yon sèk « vicieux » reprezay ak revany pou rezon rasyal, politik e relijye; men nou gen konfyans yo pap reyisi."
Prezidan Obama ap fè fas ak presyon Kongrè a pou adminitrasyon l nan bloke asistans l ap bay Irak, toutotan Premye Minis Maliki pa amelyore bòn gouvènans nan Irak epi reponn kritik ki fè konnen li anpeche irakyen ki gen orijin sinit yo genyen vwa-o-chapit nan gouvènman l nan.