Accessibility links

Breaking News

Destriksyon Tout Ekipman pou Pwodiksyon Zam Chimik nan Siri


Temwayaj ki merite konfyans di gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la respekte delè li te genyen pou l fin detrui aparèy ak enstriman rejim li a te posede pou l fabrike zam chimik nan peyi Siri.

Yon òganizasyon entènasyonal ki la pou sipèvize destriksyon zam chimik siryen yo (Oganizasyon Entènasyonal pou Entèdiksyon Zam Chimik ) abòde dosye a nan jounen jedi 31 oktòb 2013 la e li fè konnen enspektè li yo rive verifye rejim Assad la remèt tout ekipman li te genyen nan diferan enstalasyon a travè peyi a. Konsa, okenn operasyon pa kapab dewoule nan enstalasyon sa yo.

Gouvènman Damas a te genyen jiska vandredi premye novanm nan pou l fin mete an aplikasyon kondisyon ki nan yon akò ki mande pou Siri soumèt devan òganizasyon entènasyonal la yon plan ki bay detay sou fason li pral fin detrui tout lasnal zam chimik li a pa pi ta ke mitan ane 2014 la. Li genyen jiska dat 15 novanm nan pou l prezante plan sa a.

Menm jounen jedi 31 oktòb la, gwoup defans dwamoun Amnisty International pibliye yon rapò ki mande vwazen Siri yo –e tou espesyalman peyi Jòdani- pou yo pran dispozisyon pou yo kite refijye siryen yo retounen nan peyi yo si yo vle, e non pa depòte yo pa la fòs.
XS
SM
MD
LG