Nan Washington, Black Caucus la (kidonk, gwoup Depite ak Senatè nwa ki nan Kongrè Lèzetazini an) fè parèt, nan dat 28 oktob 2013 la, yon deklarasyon kote li reyaji sou desizyon tribinal konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan pran pou l elimine sitwayènte moun ki fèt sou tèritwa dominiken an, si paran yo te an tranzit oubyen yo tap viv ilegalman nan peyi a --yon desizyon ki afekte plizyè santèn milye dominiken ki gen orijin ayisyèn. Men yon esktrè deklarasyon Black Caucus la:
<<Black Caucus Kongrè ameriken an genyen gwo kè-sote akoz yon desizyon tribinal konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan te pran sa pa gen lontan e akoz konsekans desizyon sa a sou dwa kretyen-vivan. Se yon desizyon ki menase sitwayènte ak rezidans anviwon 200 mil dominiken ki gen orijin ayisyèn e ki kapab retwouve yo san peyi, si yo aplike li yon fason retwo-aktif pou elimine nasyonalite moun sa yo te deja genyen oubyen anpeche yo gen yon nasyonalite.
“Sitiyasyon an nan Repiblik Dominikèn vin pi konplike akoz prèv ki montre klèman desizyon tribinal la fèk pran an, mete sou politik ki te an aplikasyon nan le pase, gen divès konsekans sou yon segman popilasyon an akoz ras yo. Black Caucus Kongrè ameriken an lanse yon apèl prese bay Repiblik Dominikèn ak kominote entènasyonal la pou yo pran dispozisyon rapid pou yo fè fas ak kriz desizyon sa a ka pwovoke. Si desizyon an antre an aplikasyon, gen 3 jenerasyon ki pral pèdi pwoteksyon deja limite yo te genyen nan Repiblik Dominikèn.
“Nou pran nòt deklarasyon pozitif Prezidan Danilo Medina te fè kote li rekonèt “pwoblèm ki poze a se yon pwoblèm imen e li merite rezoud…” Solisyon ki detaye nan yon nòt Konsèy Nasyonal Migrasyon an” pibliye, ansanm ak angajman deklare gouvènman dominiken an pran pou l pwoteje moun ki riske pèdi stati yo, se dispozisyon ki dwe aplike, mete sou yon solisyon jist e imanitè pou sila yo ki konnen Repiblik Dominikèn e Republik Donimikèn sèlman kòm patri yo.>>