Accessibility links

Breaking News

Ayiti ak Repiblik Dominikèn sou Ajanda Rankont OEA Madi 29 Oktòb la


Nan yon rankont regilye reprezantan pèmanan peyi manm Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ap fè madi 29 oktòb 2013 la, yo pral debat, antwòt, desizyon tribinal konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan te pran, sa pa gen lontan, pou li elimine sitwayènte dominikèn tout moun ki te fèt sou tèritwa dominiken an si paran yo te etranje ki tap viv ilegalman nan peyi a. Desizyon sa a afekte plizyè santèn milye dominiken ki gen orijin ayisyèn.

Nouvèl la fè konnen Sekretarya Pèmanan l’OEA a mete dosye sa a sou ajanda travay jounen madi a sou demand Misyon Pèmanan zile Sen Vensan ak Grenadin.
XS
SM
MD
LG