Premye minis britanik la, David Cameron, rive nan Birmani pou premye vizit yon lidè oksidantal nan peyi a depi anviwon yon senkantèn lane .
Yon ti tan apre finn rive nan kad vizit 24 trè sa a , mesye Cameron te rankontre prezidan birman an Thein Sein nan Naypytaw , kapital administrative peyi a.
Pita nan jounen an , lidè britanik la pral vwayaje pou ale nan Rangoon pou fè chita-tande ak lidè pwo-demokrasi Aung San Suu Kyi ke pati l revandike yon viktwa lavalas nan eleksyon palamantè ki te dewoule pandan mwa avril la.
Mesye Cameron ap gen pou vizite tou Endonezi ak malezi nan kad virewon 5 jou rejyon Sidès Azyatik la.