Accessibility links

Breaking News

Pap François Mande Fidèl yo Priye pou Peyi Filipin


Pap Francois ankouraje fidèl katolik yo pou yo priye pou viktim dezas natirèl ki frape peyi Filipin sa pa gen lontan. Souvren Pontif la te pran lapawòl devan yon gwo foul moun ki te reyini pandan li tap selebre la mès dimanch 20 oktòb la sou plas Sen Pyè a, nan Vatikan.

Pap la di : "Mwen vle eksprime rapwochman mwen ak pèp Filipin nan ki te frape anba yon gwo tranblemanntè e mwen envite nou priye pou nasyon byenneme sa a ki te sibi divès dezas natirel sa pa gen lontan."

Yon gwo tranblemanntè te frape sant Filipin madi 15 oktòb pase a: 170 moun pou pi piti pèdi lavi yo e plizyè legliz kraze --kèk nan legliz sa yo te la depi plizyè santèn dane.

Peyi a te sibi dega tou anba 2 tifon : Nari ak Usagi ki te lakoz lanmò anpil moun e ki fè gwo dega materyèl. Depi Pap François te pran tèt legliz Katolik Womèn nan nan mwa mas pase a, li fè efò pou ede pòv yo ak sila yo ki pi vilnerab yo, tounen premye priyorite li.
XS
SM
MD
LG