Accessibility links

Breaking News

Rankont sou Siri ant Sekretè Deta Kerry ak Minis Afè Etranjè Katar la, al-Attiyah


Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ap rankontre, lendi 21 oktòb 2013 la nan vil Pari, an Frans, avèk minis afè etranjè peyi Katar la, Khalid al-Attiyah, avan yon chita-tande avèk chèf diplomasi lòt peyi-manm òganizasyon ki rele Zanmi Siri yo epi reprezantan opozisyon siryèn nan.

Aprè rankont lendi a, Misye Kerry ak Misye al-Attiyah prale nan vil Lond, kapital britanik la, kote yon chita-tande Peyi Zanmi Siri yo gen pou fèt avèk patisipasyon 11 gouvènman ki apiye rebèl ki leve-kanpe kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la.

Rankont sa yo ap dewoule nan moman efò kontinye fèt pou wè si kominote entènasyonal la va mete sou pye yon konferans pou lapè nan Siri ki ta reyini abò yon menm tab gouvènman siryen an ak opozisyon an. Objektif la se rive jwenn yon akò politik pou kriz kap sakaje peyi a depi plis pase 2 zan edmi.

Pandan 8 jou ki pase yo, pati konesène yo bay siyal depaman konsènan dat pou konferans sa a dewoule. Sekretè Deta Kerry –ki deja retounen ann Ewòp nan kad rechèch yon konsansis sou konferans la- lanse apèl bay reprezantan politik 2 pati siryen yo -gouvènman an ak opozisyon an-- pou yo aksepte voye delege yo nan Jenèv, an Swis, kote konferans la sipoze fèt la.

Sekretè Deta Kerry di: “Fòk genyen yon gouvènman tranzisyon. Fòk genyen yon ekip dirijan tou nèf nan Siri, ki se kondisyon pou lapè vin posib.”

Sepandan, jiskaprezan yon bon pati nan opozisyon kont rejim al-Assad la pa rive mete yo dakò ak Ahmad al-Jarba, ki nan tèt prensipal gwoup opizisyon an. Sitiyasyon sa-a bloke posiblite pou opozisyon an chwazi delege ki pou reprezante li nan konferans la. An tou ka, se opinyon pwofesè Akbar Ahmed kap anseye nan American University, nan Washington.

Pwofesè Ahmed fè konnen: “Malerezman opozisyon siryèn nan echwe sou 2 pwen: 1.- li pa rive òganize diferan gwoup konbatan yo pou mete yo anba direksyon yon sèl dirijan, anba direksyon yon sèl lidè; epi 2èmman: opozisyon an pa rive pwodui yon lidè karismatik ki nòmalman ta dwe parèt nan je piblik la nan yon sitiyasyon konsa, dekwa pou moun wè klèman genyen yon altènativ.”

Daprè pwofesè Arbar Ahmed toujou, le fèt ke divès gwoup milisyen ki afilye ak rezo al-Kaida a parèt sou teren an nan Siri, sa vin febli opozisyon an plis toujou, espesyalman nan moman kèk konbatan-rebèl ap pran distans yo ak prensipal gwoup opozisyon an, an pale de Lame Siryèn Lib la. Sepandan, Depatman Deta ameriken an panse divizyon sa a pa ta fèt pou reprezante yon obstak sou chemen ki dwe debouche sou òganizasyon konferans lapè sou Siri a.

Pòt-pawòl Jenn Psaki bay pozisyon Lèzetazini: "Genyen plizyè milye gwoup diferan; e anpil nan nèg ki sou lis manm opozisyon an, se kòmandan teren. Alòs, nap kontinye gade sou lis la pou n wè ki enfliyans yo genyen. Men, li klè patisipasyon opozisyon an nan konferans Jenèv la, se yon bagay esansyèl."

Konsekans lagè a nan Siri sou popilasyon sivil la, se youn nan tèm diskisyon kap dewoule nan vil Pari ant Sekretè Deta John Kerry ak minis afè etranjè peyi Katar la, Khalid al-Attiyah, epi nan chita-tande delege Peyi Zanmi Siri yo pral fè nan vil Lond, kapital La Grand Bretay, apati de madi 22 oktòb la.
XS
SM
MD
LG