Accessibility links

Breaking News

Nan Okazyon Dimanch Pak la, Pap la Priye Pou Lapè nan Lemond


Pap Bewna 16 selebere jou Dimanch Pak la ak yon mès sou Plas Sen Pyè a, nan vil Wòm, devan yon foul anviwon 100 mil moun. Nan mesaj Souvren Pontif la mete devan lemond chak ane nan okazyon sa kretyen yo konsidere kòm « Jou Rezireksyon Jezi a », li lanse apèl pou l mande yon fen nan larivyè san kap koule nan peyi Siri a; li mande tou pou pati konsène yo antre nan yon dyalòg pou yo mete fen nan vyolans la.

Se konsa pap la lanse apèl tou pou l mande establite ak devlopman nan peyi Irak, epi li bay izrayelyen yo ak palestinyen yo konsèy pou yo kontinye ak pwosesis lapè a. Chèf Legliz Katolik la di:

" Nan Siri, tou espesyalman, mwen swete larivyè san an va sispann koule e pou pati konsène yo pran angajman imedyatman pou yo monte sou chemen respè, dyalòg ak rekonsilyasyon an, jan kominote entènasyonal la ap mande sa a."

Pap la kontinye ak yon priyè pou kominote kretyèn yo sou kontinan afriken an, e li mande pou gen rekonsilyasyon politik prese-prese nan Mali. Chèf Legliz katolik la denonse vag vyolans kap frape depi yon bon tan deja kèk segman nan sosyete a nan peyi Nijerya, tou senpleman poutèt relijyon moun yo. Pandan pap la t ap pale a, esplozyon yon bonm koze lanmò plizyè moun ki tap selebre fèt Pak la nan yon legliz nan pati nò Nigeria.

"Pou Nijerya ki, nan 2 zou 3 mwa ki pase yo, te fè eksperyans kèk atak teworis sovaj, mwen swete lajwa Fèt Pak la va bay moun yo fòs ki nesesè pou yo rekòmanse bati sosyete yo a, yon sosyete ki va gen lapè e kote moun va respekte libète sitwayen yo pou yo swiv relijyon yo vle."
XS
SM
MD
LG