Accessibility links

Breaking News

Espyonaj : Edward Snowden di Li Pa Bay Peyi Etranje Enfòmasyon Sekrè Lèzetazini


Edward Snowden.
Edward Snowden.
Ansyen anplwaye sèvis sekrè Lèzetazini Edward Snowden -ki te pibliye enfòmasyon sou sistèm espyonaj Ajans Sekirite Nasyonal Lèzetrazini an (NSA) sou sitwayen ameriken yo, di genyen “zewo pousan chans “ pou Larisi ak Lachin ta jwenn dokiman sekrè ajans la.

Nan yon entèvyou jounal ameriken New York Times pibliye jedi 17 oktòb la, Snowden presize li te bay jounalis nan Hong Kong tout dokiman ki te nan men l yo. Mesye Snowden ajoute si li te ale nan vil Moskou ak dokiman sa yo, sa pa tap sèvi enterè piblik la. Ansyen anplwaye NSA a di li byen konnen sistèm anti-espyonaj sibènetik chinwa a e NSA konnen li tap toujou pwoteje enfòmasyon sekrè yo pou espyon chinwa yo pa jwenn dokiman sa yo .

Pi bònè nan ane a, Edward Snowden te revele NSA te anrejistre konvèsasyon telefonik sitwayen ameriken yo. Li deklare li te deside leve lavwa sou kesyon an apre li te dekouvri yon rapò entèn ajans la ki te pale de fason NSA te swiv konvèsasyon telefonik sitwayen yo sou gouvènman Bush la san otorite yo pat gen otorizasyon lajistis pou sa. Dapre Snowden, pwogram espyonaj sa a vyole lwa sou siveyans ki an vigè yo; li fini pa di, si pi gwo otorite nan gouvènman an gen dwa vyole lalwa san yo pa sibi okenn pinisyon pou sa, pouvwa sèvis sekrè Lèzetazini an vin “ekstrèman danjre”.
XS
SM
MD
LG