Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ameriken an Relouvri. Plis Pase 500 Mil Anplwaye Retounen nan Travay.

Lokal Capitol la -Kongrè Lèzetazini an- nan dat 15 oktòb 2013 la, swa yon jou anvan palmantè ameriken yo te vote pou yo relouvri gouvènman an.
Lokal Capitol la -Kongrè Lèzetazini an- nan dat 15 oktòb 2013 la, swa yon jou anvan palmantè ameriken yo te vote pou yo relouvri gouvènman an.
Nan Washington, D.C., otorite yo mande anplwaye federal yo retounen nan travay jedi 17 oktòb 2013 la apre 2 chanm Kongrè a vote, nan sware jounen mèkredi a, pou yo relouvri gouvènman an epi leve plafon dèt nasyonal la. Prezidan Barack Obama pat pran tan pou l siyen lejislasyon an e fè l tounen yon lwa –sa ki mete fen nan yon blokaj politik ki ta kapab pwovoke yon nouvo kriz ekonomik.

Vrèmanvre, nan kòmansman sware jounen mèkredi a, Sena a te apwouve yon pwopozisyon-lwa pou relovri gouvènman federal la epi ogmnate plafon dèt la avèk yon vòt 81 POU e 18 KONT. Pami senatè ki vote kont yo, gen Repibliken Ted Cruz ki te pote-kole ak manm konsèvatè Chanm dè Reprezantan an pou eseye deraye nouvo refòm nan sistèm swen-sante a ki rele OBAMACARE. Kidonk, gwoup sa a tap chache fè Kongrè a rantre lwa ki prevwa finansman pou aplikasyon refòm nan. Senatè Cruz deklare:

« Lwa sa a se yon move antant. Se yon antant ki reprezane tout sa k gen nan Washington ki revolte pèp ameriken an. Antant sa a wete yon pwoblèm ki devan nou jounen jodiya pou l remete l devan nou ankò pi devan. Li ouvè pòt la pou plis dèt, pou plis defisi, plis depans, tandiske li pa fè anyen ditou pou l pote soulajman bay plizyè milyon sitwayen ameriken kap soufri akoz OBAMACARE la. »

Aprè Sena a te vote lejislasyon ki ouvè gouvènman an e ki bay Depatman Trezò ameriken an mwayen pou l prete plis lajan epi peye dèt nasyon an, Prezidan Obama te lanse apèl bay tou lè 2 pati yo (Demokrat ak Repibliken) pou l mande yo mete fen nan kriz ki bloke travay gouvènman an. Prezidan Obama di :

« Espwa mwen ak esperans mwen, sè ke tout moun pran leson sa a : Sè ke pa gen rezon pou n pa kapab tavay sou pwoblèm ki devan nou yo…. Nou aprann pou kisa, menm lè nou pa antann nou sou kesyon yo, nou dwe rete zanmi epi chache garanti ke nou pa pote soufrans ak mizè pou pèp ameriken an, lè genyen mezantant antre nou. »

Nouvo lwa ki pase nan tou lè 2 chanm Kongrè amerikena n e ki mete fen nan fèmti gouvènman an aprè 16 jou, se rezilta yon konpwomi lidè 2 pati yo nan Sena a (Demokrat Harry Reid ak Repibliken Mitch McConnell) te jwenn a la dènye minit nan kòmansman jounen mèkredi a. Lwa pèmèt gouvènman an jwenn fon-lajan pou l fonksyone rive nan dat 15 janvye 2014. Pandan tan sa a, manm Kongrè a pral fè negosyasyon pou yo jwenn yon bibjè definitif kap pèmèt aktivite gouvènman an dewoule nòmalman rive jous nan fen ane fiskal la --kidonk, rive jous mwa oktòb 2014.
This item is part of
XS
SM
MD
LG