Accessibility links

Breaking News

Etazini Pral Ouvè yon Anbasad an Bimani Anvan Lontan


Lèzetazini deside adousi kèk sanksyon ki tap peze depi lontan sou do Bimani avèk espwa sa va ankouraje otorite yo pou yo fè plis refòm aprè eleksyon istorik ki dewoule dimanch pase a nan peyi Azi Sidès la.

Sekretè deta ameriken an, Hillary Cliton, pale mèkredi pou l di anvan lontan Lèzetazini pral nonmen yon anbasadè nan peyi a.

Chèf diplomsi amerikèn nan deklare:

“Prezidan Thein Sein ak kèk kòlèg anndan gouvènman an te pote konkou yo nan efò ki te nesesè pou lanse peyi a sou yon nouvo chemen istorik. Tandiske rete anpil bagay ki pou fèt toujou, tandiske genyen kèk test enpòtan pi devan, nou bat bravo pou Prezidan an ak kòlèg li yo pou lidèchip yo ak kouraj yo. E nou fè konpliman tou pou lidè mouvman demokratik la, Aung Sang Suu Kyi, pou eleksyon li nan palman an, menm jan nou fè konpliman pou anpil nan kòlèg li ki eli tou.”

Madam Clinton ajoute Lèzetazini pral ouvè tou nan Bimani yon biwo k ap reprezante Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal. Biwo sa a pral apiye efò Pwogram Nasyon Zini pou Devlopman (PNUD) ap deplwaye nan peyi a.
XS
SM
MD
LG