Accessibility links

Breaking News

Bimani: Gwo Viktwa Opozisyon an nan Eleksyon Lejislatif Dimanch la


Nan Bimani, lidè mouvman k ap reklame demokrasi nan peyi a, Aung Sang Suu Kyi, deklare yon epòk tou nèf kòmanse lendi 2 avril 2012 l, aprè pati l la fin ranpòte yon viktwa lavalas nan eleksyon palmantè ki dewoule dimanch la.

Menmsi pwoklamasyon rezilta ofisyèl yo kapab pran plizyè jou, pati opozisyon an (Lig Nasyonal Pou Demokrasi a) fè konnen li ranpòte 43 kous sou 44 kote li te genyen kandida nan eleksyon an. Pami plas sa yo genyen 4 ki koresponn ak sikonskripsyon ki alantou capital la, Naypyitaw, kote majorite popilasyon an se anplwaye Leta ak manm lame a.

Pandan Madam Aung Sang Suu Kyi te pran lapawol lendi devan yon lanmè moun ki te rasanble devan katye jeneral pati l la nan vil Rangoon, li di li espere rezilta eleksyon an va fòse gouvènman an koute vwa senp sitwayen yo.

Madam Suu Kyi deklare:

“Nou espere se kòmansman yon epòk tou nèf kote nou pral santre plis atansyon sou wòl pèp la nan politik chak jou peyi nou an.”

Madan Suu Kyi lanse apèl bay lidè lòt pati politik yo pou l mande yo pote konkou yo nan travay ki nesesè pou tabli demokrasi nan peyi a epi pote chanjman pozitif nan lavi yon pèp k ap viv nan povrete.
XS
SM
MD
LG