Accessibility links

Breaking News

Divizyon ant Prezidans la ak Palman an sou Dire Manda yon Tyè Sena a Bay Sosyete Sivil la Gwo Kè-Sote


Ann Ayiti, lidè Sosyete Sivil la fè konnen yo gen kè sote l akoz konfli ki ekziste ant Pouvwa Ekzekitif la ak Pouvwa Lejislatif la sou dire manda yon tyè Sena a.

Se konsa André Apaid, youn nan dirijan Sosyete Sivil la, lanse apèl pou l mande administrasyon Martelly/Lamothe la pran dispozisyon ki nesesè pou eleksyon dewoule a-tan, dekwa pou evite yon vid ki ta kapab anpeche palman an fonksyone.

Misye Apep ankouraje tout pati konsène pou yo konsève kalm yo ak tèt frèt yo, pandan y ap chache yon solisyon pou kriz ki menase peyi a.

Klike sou “KOUTE” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior..
XS
SM
MD
LG