Nan Afganistan, responsab yo anonse yon eksplozyon bonm touye gouvènè pwovens Logar ki nan pati lès peyi a. Yon otorite lokal presize gouvènè Arsala Jamal t ap pwononse yon diskou nan yon moske pou selebre fèt Eid-al-Adha-a---yon peryòd sakre nan kalandriye mizilman an--lè bonm nan eksploze.
Mesye Jamal mouri e gen plizyè lòt moun ki blese. Nouvèl yo rapòte moun ki komèt aksyon sa a te mete eksplozif la nan mikwo gouvènè a. Se prezidan Hamid Karzai ki te nonmen Jamal e yo te konsidere l kòm yon patnè e alye chèf leta a.
Avan li te rive nan pòs gouvènè a nan Logar, yon pwovens stratejik Kaboul, Jamal te gouvènè pwovens Khost. Poko gen moun ni gwoup ki pran responsabilite pou ekpslozyon an.