Accessibility links

Breaking News

Nouvo Pwopoziyon Iran Sou Pwogram Nikleyè l la


Iran prezante yon pwopozisyon bay pwisans mondyal yo nan moman 2 pati yo ap negosye sou pwogram nikleyè repiblik islamik la--premye chita-tande k ap dewoule depi eleksyon nouvo prezidan iranyen an, Hassan Rouhani.

Lèzetazini, Larisi, Lachin , Lafrans, ak Lalmay vle pou Teheran pwouve li pap develope zam nikleyè, tandiske Iran ap chache soulajman sanksyon entènasyonal kap peze sou do l poutèt li refize mete yon fren nan aktivite anrichisman li yo.

Michael Mann, pòtpawòl chef politik Unyon Ewop-la, Catherine Ashton, di nan moman chita-tande yo ap dewoule, li pa gen detay sou plan an, men swadizan gwoup P5 plis 1 an espere pwopozisyon iranyen an pran an konsiderasyon preyokipasyon peyi ki konpoze gwoup la.

Prezidan Rouhani te pwomèt pou l pran chimen diplomasi pou eseye soulaje sanksyon, men responsab Peyi P-5 plis 1 yo eksprime nesesite pou Iran pwouve senserite li avèk bon jan aksyon konkrè anvan yon leve pasyèl sanksyon entènasyonal yo.
XS
SM
MD
LG