Accessibility links

Breaking News

“Sena Ayisyen ak Sena Dominiken ap Travay sou Dosye Nasyonalite a”


Sena dominiken an ap pare pou fè yon seyans espesyal sou desizyon tribinal konstitisyonèl dominiken an pran pou l wete nasyonalite plizyè santèn milye dominiken dorijin ayisyèn.

Senatè Jean-Baptiste Bien-Aimé, ki te fè pati yon delegasyon palmantè ayisyen ki t ale Santo Domingo sa pa gen lontan, di Lavwadlamerik sena dominiken an ak sena ayisyen an kontinye rete an kontak sou dosye sa a pou yo eksplore posiblite yon solisyon.

Klike sou “koute” pou w swiv yon entèvyou Jean-Pierre Leroy fè sou kesyon an avèk Senatè Bien-Aimé.
XS
SM
MD
LG