Nouvèl ki sòti nan vil Oslo, kapital peyi La Nòvèj, fè konnen Pri Nobèl Lapè ane 2013 la al jwenn Oganizasyon pou Entèdiksyon Zam Chimik la kap tavay depi kèk jou deja pou l elimine lasnal chimik peyi Siri a. Pèsonalite ki fè anons la nan kòmansman jounen vandredi 11 oktòb 2013 la, se Prezidan Komite Nobèl la, Thorbjoern Jagland.
Oganizasyon pou Entèdiksyon Zam Chimik la -ki gen baz li nan vil Lahè, nan peyi La Oland- te fonde an 1997 pou fè aplike sa k di nan Konvansyon Etènasyonal sou Zam Chimik la. Gouvènman siryen an te rekonèt li posede zam chimik e, lendi pase a (7 oktòb 2013 la) li te fè demand pou l tounen yon manm òganizasyon an.
Anons ki di se Oganizasyon pou Entèdiksyon Zam Chimik la ki ranpòte Pri Nobèl Lapè a ane sa a, se yon sipriz pou anpil moun. Vrèmanvre, obsèvatè yo te konsidere yon jèn pakistanèz 16 zan, Malala Yousafzai, kòm favori pou jwenn distenksyon sa a, pou efò lap fè pou l defann dwa fanm nan peyi li pou yo resevwa edikasyon. Sa gen kèk mwa li te viktim yon tantativ asasina pandan li ta prale lekòl nan Pakistan kote kanpay li mennen pou edikasyon medam yo te defye e revòlte lidè Taliban yo. Atak la te mete l nan yon eta tèlman grav, yo te oblije ale avèk li nan peyi Langletè pou l resevwa tretman espesyalize; e se yon mirak si l vivan jounen jodi a. Jedi 10 oktòb la, li resevwa pri Inyon Ewòp la bay pou libète lapanse e ki rele Pri Sakharov la.