Premye minis libyen an, Ali Zeidan, jwenn liberasyon li aprè kèk ansyen rebèl te kidnape li e kenbe l pandan plizyè èd tan. Otorite yo pa bay detay imedyatman sou liberasyon an. Rebèl yo te mete men sou Misye Zeidan nan douvanjou jounen jedi 10 oktòb la, devan yon otèl kote lap viv nan Tripoli, kapital la.
Yon gwoup ki gen pou non « Operasyon Chanm pou Revolisyonè Libyen yo » pran responsablite pou kidnaping nan; gwoup la fè konnen se arete li te arete premye minis la. Li akize gouvènman Misye Zeidan nan deske li te jwe yon wòl nan operasyon yon fòs espesyal lame amerikèn te lanse, samdi pase a, e ki te debouche sou arestasyon lidè branch Al-Kayda nan Libi, an palan de Abu Anas al-Libi, ki twouve l jounen jodiya an detansyon sou yon bato lamarin de gè Lèzetazini.
Gouvènman libyen an lanse apèl bay Lèzetazini pou l mande eksplikasyon pou operasyon an ki, daprè otorite yo nan Tripoli, reprezante yon kidnaping. Premye Minis Ali Zeidan te pale, nan dat madi 8 oktòb la, pou l di peyi li vle kenbe bon jan relasyon avèk Lèzetazini, men si yon sitwayen libyen dwe reponn devan lajitis, se tribinal peyi li ki pou jije l.