Lidè politik ayisyen, manm sosyete sivil la ak divès palmantè manifeste nan jounen madi 8 oktòb 2013 la devan anbasad dominikèn nan ann Ayiti pou mande tribinal konstitisyonèl dominiken an rantre arete li pran pou l wete “nasyonalite dominikèn” plizyè santèn milye sitwayen –pi fò nan yo se pitit Ayisyen.
Sitiyasyon sa a pwovoke divès reyaksyon ni nan peyi Panyòl, ni nan milye entènasyonal yo. Pa egzanp, manm kominote ayisyèn nan nan Sen Domeng òganize manifestasyon devan lokal tribinal konstitisyonèl la pou yo atire atansyon sou sa yo konsidere kòm “karaktè rasis” desizyon tribinal la, tandiske espesyalis nan zafè dwa moun --tankou anvwaye espesyal l’ONU pou kesyon dwazimen ann Ayiti, Gustavo Gallòn- leve lavwa pou di nouvo lwa sa a se yon vyolasyon dwa entènasyonal, sitou dwa fondamantal kretyen vivan.
Klike sou “Koute” pou plis detay avèk Jounalis Jacques Bourdeau kap reponn kesyon Jean Pierre Leroy sou sit-in ki dewoule nan jounen madi a devan misyon diplomatik Repiblik Dominikèn nan Pòtoprens la.