Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, defann aksyon yon fòs datak ameriken espesyal lanse pou l te mete men sou yon gwo lidè rezo al-Kayda a nan peyi Libi; daprè Misye Kerry, se “yon aksyon legal e apwopriye”.
Gouvènman libyen an di Lèzetazini dwe ba li eksplikasyon pou sa otorite yo nan Tripoli konsidere kòm yon kidnaping, an palan de operasyon fòs espesyal Lèzetazini te mete sou pye pou li te arete samdi pase a Abu Anas al-Libi pandan li te sou tèritwa libyen an.
Biwo Ankèt Federal Lezetazini an (FBI) te ofri yon rekonpans 5 milyon dola pou nenpòt enfòmasyon ki ta debouche sou arestasyon Abu Anas al-Libi aprè yon tribunal federal nan New York te akize l ofisyèlman, nan lane 2000, deske se li ki te planifye atak ak bonm ki te fèt sou anbasad Lèzetazini nan Nayewobi, o Kenya, e Dar-Es-Salam, nan Tannzani, nan lane 1998. Atak sa yo –ki te fèt preske an menm tan- te koze lanmò plis pase 200 moun, tandiske anviwon 5 mil lòt te blese.
Chèf diplomasi amerikèn nan –ki t ap reyaji sou kesyon an nan koulis yon somè rejyonal kap dewoule nan peyi Endonezi-- fè konnen reklamasyon gouvènman libyen an pa fonde e al-Libi pral prezante devan yon tribinal. Daprè Sekretè Deta a, arestasyon lidè al-Kayda a demontre detèminasyon Lèzetazini pou l lage yon koukouwouj san pran souf dèyè teworis yo.
Daprè Depatman Defans ameriken an, yo transfere prizonye a nan yon zòn ki gen bon jan sekirite an deyò peyi Libi.