O Venezuela, gouvènman Nicolas Maduro a fè konnen li pran desizyon pou l mete 3 diplomat ameriken ki an pòs nan Karakas deyè nan peyi a, paske li gen bon jan prèv kòmkwa diplomat sa yo t ap mare konplo ak opozisyon an pou yo bay gouvènman l nan pwoblèm.
Otorite venezyelyen yo remèt responsab yo nan anbasad amerikèn nan yon nòt pou fè yo konnen gouvènman Maduro a deklare chaje dafè a, atache politik la ak konsil la “persona non grata” –kidonk, prezans yo pa dezirab nan peyi a.
Lèzetazini reyaji ak tout fòs kont desizyon sa a. Yon pòtpawòl Depatman Deta a, Jennifer Psaki, fè konnen se yon desizyon gouvènman ameriken an rejte kategorikman.
Madam Psaki di : “ Nou rejte kare-bare akizasyon Venezuela a kòmkwa nou ta mele nan yon sòt de konplo pou destabilize gouvènman an. Nou rejte akizasyon presi ki fèt nan sans sa a kont manm anbasad nou an. E, nan kad konvansyon Vyèn sou relasyon diplomatik ak konsulè yo, Lèzetazini byen kapab pran kèk aksyon resipwòk. Nou kontinye anvizaje aksyon nou kapab pran sou kesyon an. ”
Madam Psaki ajoute Lèzetazini ap travay depi kèk tan sou fason pou li amelyore relasyon n ak Venezuela, e li pa pare pou li kite efò sa yo tonbe.