Premye minis ayisyen an, Laurent Salvador Lamothe, afime volonte gouvènman l nan poul aji kòm sèl jesyonè asistans bayèdefon bilateral ak miltilateral yo ap bay peyi Dayiti. Chèf gouvènman an, ki pran lapawèl devan 68èm asanble jeneral LONU an nan New-York byen ta jedi 26 septanm 2013 la, voye yon mesaj klè e dirèk bay kominote entènasyonal la ki pase pa kanal ONG yo pou yo bay pi fò nan lajan yo mete ala dispozisyon peyi a.
Mesye Lamothe pwofite pou li raple peyi donatè yo pwomès yo te fè pou yo bay Ayiti 9 milya dola apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la nan kad apui yo pou rekonstriksyon peyi a. An plis kesyon elektoral la, chèf gouvènman ayisyen an te mete kèk lòt pwen devan lidè mondyal yo, tankou:
-Lit kont grangou nan lemond;
-Efò gouvènman Martelly-Lamothe la ap fè pou l kontinye ofri edikasyon gratis pou ti ayisyen yo ;
-Responsablite Oganizasyon Nasyon Zini nan eklatman epidemi kolera sou tèritwa ayisyen an ;
-Lib egzèsis libète sivil e politik nan peyi Dayiti ; pa egzanp laprès ap travay an tout libète epi pati politik yo ap evolye san okenn presyon kèlkonk.
Klike sou “Koute” pou w swiv mesaj Premye Minis Laurent Lamothe mete devan Asanble Jeneral l’ONU an.