Accessibility links

Breaking News

Rankont Istorik Wo-Nivo ant yon Ofisyèl Ameriken ak yon Ofisyèl Iranyen


Chèf diplomasi Lèzetazini an, John Kerry, mete fen, jedi 26 septanm 2013 la, nan silans ki te egziste depi plizyè dizèn dane ant ofisyèl ameriken ak ofisyèl peyi Iran, lè li fè yon rankont a 2 avèk minis afè etranjè iranyen an, Javad Zarif, pou yo te abòde pwogam nikleyè Iran an.

Rankont sa a –ki dewoule nan New York, nan koulis 68èm asanble jeneral l’ONU an-- se rankont pi wo nivo ki fèt ant ofisyèl 2 peyi yo depi revolisyon islamik la te kòmanse an 1979, ane kose revolisyonè iranyen yo te pran diplomat ameriken an otaj, epi Washington te deside koupe tout rapò diplomatik ak Teyeran.

Misye Kerry, ki di li byen kontan wè Misye Zarif nan New York pou l rankontre lidè mondyal yo nan l’ONU, ajoute rankont la te pozitif e trè konstriktif. Sepandan Sekretè Deta a fè konnen li pa espere okenn solisyon rapid pou mezantant ki egziste ant kominote entènasyonal la ak Iran konsènan pwogram nikleyè peyi sa a.
XS
SM
MD
LG