Accessibility links

Breaking News

Rankont Lidè Mondyal yo sou Pwogram Nikleyè Iran an


Mohammad Javad Zarif
Mohammad Javad Zarif
Nan New York, kote 68èm asanble jeneral l’ONU an rive sou 3èm jounen li, plizyè lidè mondyal ap fè chita-tande, jedi 26 septanm 2013 la, sou domèn nikleyè a avèk chèf diplomasi Iran an, Javad Zarif, nan moman siyn montre Teyeran vle ouvè yon dyalòg pozitif pou rezoud mezantant pwogram nikleyè li a pwovoke.

Pi fò analis yo di yo pa prevwa tèlman gwo devlopman pral sòti nan rankont sa yo, k ap dewoule nan koulis 68èm asanble jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an nan New York. Sepandan, diplomat k ap rankontre yo espere yo va kapab relanse negosyasyon ant 5 peyi plis 1 ki te kòmanse sou dosye a; dènye nan seri rankont sa yo te fini nan mwa davril 2013 la.

Nan kad chita-tande k ap dewoule jedi a, lè chèf diplomasi amerikèn nan, John Kerry, va retwouve l fas a fas ak Misye Zarif, se pral premye kontak wo-nivo konsa ant yon ofisyèl ameriken ak yon ofisyèl iranyen kap fèt depi relasyon diplomatik Lèzetazini ak Iran te koupe nan lane 1980.

An plis Misye Kerry, rankont la ap gen ladan n tou diplomat wo-plase peyi Lafrans, Lagrand Bretay, Lachin, Larisi avèk Lalmay. Pèsonalite kap modere negosyasyon yo, se chèf afè etranjè Unyon Ewòp la, Catherine Ashton.
XS
SM
MD
LG