Accessibility links

Breaking News

Menas sou Fonksyonnman Gouvènman Ameriken an


Ozetazini, tout manm Sena a vote san manke youn, nan jounen mèkredi 25 septanm 2013 la, pou fè yon konsiderasyon ofisyèlman sou yon pwopozisyon-lwa ki pou pèmèt gouvènman an kontinye fonksyone menm apre fen mwa a. Reyalizasyon fetich administrasyon Obama a (swa reyalizasyon prensipal li, ki se refòm nan sistèm swen sante a, ki rele Obamacare) rete nan sant yon mezantant ant demokrat e repibliken sou fonksyonnman gouvènman an.

Pandansetan, tan an ap galope e manm Kongrè ameriken an preske rive nan fen delè yo genyen pou yo mete tèt yo ansanm pou yon jwenn yon antant sou kesyon an anvan dat premye oktòb la, si yo vle evite gouvènman an tonbe nan yon sitiyasyon kote anpil sèvis piblik ka sispann travay.

Sena a kòmanse fè deba sou yon pwopozisyon-lwa Chanm Depite a –ki anba kontwòl repbliken yo- te vote semèn pase a pou pwolonje pouvwa gouvènman federal la gen pou l fè depans; men majorite depite yo te vote tou pou yo revoke lwa ki finanse refòm nan sistèm swen sante a.

Obsèvatè yo atann yo aske Sena a -kote majorite manm yo se demokrat- vote anvan lontan pou li retabli finansman pou Obamacare la. Lidè majorite a nan Gran Kò a, Harry Reid, mande pou kòlèg li yo bay dosye a “le bénéfice de l’urgence”.

Senatè Reid di :
"Nou genyen anpil travay devan nou, e nou ta dwe fè pi vit posib. Chak 60 minit nou pèdi, se 60 minit k ap mete nou pi pre fèmti gouvènman an."

Sena a deside travay san pèdi tan sou dosye a apre yon diskou manch long Senatè repibliken Ted Cruz te fè e ki te dire preske 22 zèdtan. Misye Cruz bay kòlèg li yo konsèy pou yo vote pou revoke lwa sou finansman Obamacare la.

Misye Cruz deklare: "Ti biznis ap rele fò pou yo di Obamacare la ap touye yo e malerezman Sena ameriken an pa tande rèl yo. Pou plizyè milyon ameriken kap fè fas ak yon gwo kokenn ogmantasyon nan pri swen sante “de baz yo”, devan yon reyalite kote yo menm riske pèdi asirans sante yo, Sena ameriken an pa tande vwa yo."

Sepandan, Ted Cruz vote nan menm sans ak tout lòt senatè yo pou yo kòmanse deba yo. Kèk manm repibliken Gran Kò --tankou Senatè Eta Arizona a, John McCain-- rejte efò Senatè Cruz ap deplwaye pou Kongrè a raple lwa sou refòm nan sistèm swen sante a; paske, daprè senatè sa yo, elektè ameriken yo te bay pozisyon yo sou dosye a lè yo te vote an mas pou yo apiye pwogram refòm nan.
XS
SM
MD
LG