Accessibility links

Breaking News

Rankont Premye Minis Lamothe avèk “Patnè Ayiti yo”


Plizyè dizèn diplomat ak teknisyen “patnè peyi d’Ayiti” yo rankontre avèk Premye Minis Laurent Lamothe nan koulis 68èm Asanble Jeneral Nasyonzuni an nan New York.

Msye Lamothe te pwofite okazyon an pou l prezante sitiyasyon jeneral la nan peyi a ; epi li repete yon demand administrasyon Martelly-Lamothe la deja fè pou asistans entènasyonal la pa pase pa yon 3èm pati, men pito pa gouvènman an ki va garanti bon rezilta.

Yon lòt kote, kowòdonatè Depatman Deta pou Ayiti, Thomas Adams, lanse apèl pou l mande lidè politik ayisyen yo mete tèt yo ansanm pou yo jwenn yon solisyon pou kriz elektoral la.

Menmsi Misye Adams ensiste pou l di “se Ayisyen ki pou jwenn solisyon pou pwoblèm Ayiti", li swete aktè politik yo va pran dipozisyon ki nesesè pou yo evite yon kriz ki posib si eleksyon pa fèt anvan janvye 2014.

Klike sou “koute” pou w swiv yon repòtaj anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la nan New York, Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG