Accessibility links

Breaking News

Lafrans Ankouraje Rankont Prezidan Martelly ak Opozisyon an


Anbasadè fransè a ann Ayiti, Patrick Nicoloso, di peyi li apresye inisyativ Prezidan Michel Martelly lanse pou l rankontre ak lidè opozisyon an sou kriz elektoral la, nan kad yon efò pou l angaje yon dyalòg politik sou òganizasyon pwochen eleksyon yo.

Diplomat fransè a di, pandan peyi li pa vle antre nan zafè prive Ayiti, yon dyalòg konsa nesesè pou pwogrè nasyon an, paske “se ayisyen ki pou rezoud pwoblèm Ayiti.”

Klike sou “koute” pou w swiv yon repòtaj Yvan Martin Jasmin sou pasaj Anbasadè Nicoloso nan vil Kap- Ayisyen kote li fè kèk kòmantè sou pwosesis elektoral la ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG