Accessibility links

Breaking News

Kenya: Kesyon san Repons Kontinye Poze sou yon Atak Teworis sou yon Sant Dacha


Nouvèl ki soti nan peyi Kenya fè konnen moun kontinye tande kout-zam kap pati nan yon sant dacha nan kapital la, Nayewobi, kote militan islamis touye plis pase 60 moun, nan yon atak ki la depi plis pase 3 jou. Nan deklarasyon minis enteryè a fè lendi, li di sòlda kontinye operasyon yo lanse nan sant dacha Westgate la, kote yap fouye etaj aprè etaj pou yo chache atakan yo.

Ozetazini, Prezidan Barack Obama, ki nan New York kote li pral patisipe nan ouvèti Asanble Jeneral L’ONU an madi, rankontre lendi avèk kèk lidè afriken, tankou prezidan peyi Nijerya a, Goodluck Jonathan. Pandan Misye Obama tap abòde trajedi ki dewoule nan Kenya a, li fè konnen Lèzetazni dispoze ofri tout kalte asistans sou plan polis e jistis pou fè limyè sou kesyon an, e li gen konfyans Kenya pral leve anba katastwòf sa a.

Prezidan Obama deklare : "Mwen panse sa k pase a, atire atansyon sou jiska ki degre nou mnem, nan kominote entènasyonal la, nou dwe leve kanpe kont kalte vyolans san sans sa a, e kont filozofi gwoup kap komèt zak sa yo reprezante. Lèzetazini pral kontinye travay avèk tout kontinan afriken an e ak rès mond la an jeneral, p ou n garanti ke nou rive elimine rezo destriksyon sa yo. "

Toujou konsènan Asanble Jeneral LONU an, nan rankont Prezidan Obama ap fè nan New York yo, li gen pou l abòde apèl ki sòti bò kote Iran ki mande yon pi gwo dyalòg ak peyi oksidantal yo, epi tou sou nesesite pou kominote entènasyonal la bay yon reponn dyanm e solid pou itilizasyon zam chimik nan Siri. Obsèvatè yo atann yo aske lidè ameriken an devlop tèm sa yo tou lè l va pran lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyon Zini an.
XS
SM
MD
LG