Accessibility links

Breaking News

Patisipasyon Ayiti nan Asanble Jeneral l’ONU an, Sesyon Odinè 2013 la


Premye Minis Laurent Lamothe, chèf delegasyon Ayiti a nan Assanble Jeneral l' ONU an,
Premye Minis Laurent Lamothe, chèf delegasyon Ayiti a nan Assanble Jeneral l' ONU an,
Asanble jeneral Oganizasyn Nasyon Zini an, ki dewoule chak ane, ap tanmen madi 24 septanm 2013 la nan New York kote chèf deta, chèf gouvènman ak otorite wo-plase divès peyi nan lemond, pral pran lapawòl pou yo bay opinyon yo sou eta sitiyasyon an sou planèt nou an an jeneral, e nan peyi yo an patikilye. (Se 68èm asanble jeneral l’ONU). Prezidan ameriken an, Barack Obama mete mesaj li devan asanble a byen bonè nan menm jounen madi a.

Premye Minis Laurent Salvador Lamothe, kap dirije delegasyon peyi Dayiti a, te patisipe nan yon dine ofisyèl Prezidan Barack Obam te ofri lendi pou chef delegasyon yo, e Misye Lamothe ap rankontre Sekretè Jeneral Nasyon Zini, Bann Ki-moon, nan jounen madi a.

Misye Lamothe bay anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la, Jean-Robert Philippe, yon etèvyou kote li pale de kalandriye aktivite li pandan prezans li nan New York --yon kalandriye ki gen sou li yon afè de 37 rankont. Nan entèvyou sa a, chèf gouvènman ayisyen an anonse ansyen Premye Minis britanik Tony Blair pral fè yon visit anvan lontan ann Ayiti pou li chache wè avek otorite yo ki mwayen ki pi bon pou yo reyalize kèk pwojè ki ka bay rezilta pozitif pou popilasyon an.

NB.- Dènye nouvèl ki sòti Ayiti fè konnen Prezidan Michel Martelly ap pare pou l kite Pòtoprens pou l al rejwenn delegasyon ayisyèn nan nan New York.

Klike sou « Koute » pou w swiv kèk ekstrè entèvyou Jean Robert Philippe fè avèk Premye Minis Laurent Lamothe la.
XS
SM
MD
LG