Accessibility links

Breaking News

Prezidan Assad Dakò pou Espesyalis l’ONU Enspekte Lasnal Chimik Peyi li

Prezidan siryen an, Bashar al-Assad, fè konnen li pa gen pyès pwoblèm pou espesyalis entènasyonal ki konesè nan zafè zam chimik, ta ale enspektè enstalasyon kote Siri fabrike e mete zam ki nan lasnal chimik li a.

Nan yon entèvyou misye Assab bay chèn televizyon ofisyèl peyi Lachin nan (CCTV), li deklare sèl pwoblèm ki poze, se kesyon pou konnen kijan yo pral fè pou enspektè sa yo antre-sòti nan enstalazyon yo an tout sekurite, paske li pa ta vle pou lennmi pwofite pou yo sabote operasyon an.

Daprè Misye Assad, gen posiblite pou moun li konsidere kòm “teworis” sèvi ak okazyon an pou yo fè yon bagay mal pandan espesyalis yo nan peyi a, dekwa pou yo fè kominote entènasyonal la repwoche gouvènman an deske li vyole antant ki ta pèmèt enspektè yo antre nan peyi a pou yo ranpli misyon an.
XS
SM
MD
LG