Accessibility links

Breaking News

Rankont yon Delegasyon Ayisyen Wo Nivo avèk Black Caucus Kongrè Ameriken an


Yon delegasyon ayisyen wo nivo rankontre manm Black Caucus ameriken an nan Washington, kote yo abòde sitiyasyon an an Ayiti an jeneral, avèk yon atansyon espesyal sou pwochen eleksyon yo. Ofisyèl sa yo reponn envitasyon pou yo asiste konferans anyèl palmantè nwa ki nan Kongrè Lèzetazini an, ki kòmanse jedi 19 septanm nan e kap pran fen samdi 21 septanm nan.

Delegasyon an genyen ladan n manm palman ayisyen an (depite ak senatè), reprezantan Ayiti nan l’OEA, Anbasadè Dully Brutus, Anbasadè Ayiti nan Washington, Paul Altidor, Anbasadè deziye Ayiti nan Repiblik Dominikèn, Daniel Supplice, ak kèk lòt ofisyèl.

Anbasadè Supplice --ki te pran lapawòl jedi devan palmantè nwa ameriken yo-- di Lavwadalamerik li mete devan Black Caucus la sitiyasyon an an Ayiti, avèk, antwòt, yon rapèl lide Prezidan Michel Martelly lanse pou kominote entènasyonal la –Lèzetazini an tèt- ta re-oryante asistans yap bay Ayiti a.

Pa egzanp, administrasyon Martelly-Lamothe swete èd sa a pase dirèkteman pa gouvènman an olye li pase pa ONG yo; e lè asistans la al jwenn gouvènman an, sou chak dola, 90 santim retounen yon fason kèlkonk nan men kominote entènasyonal la, se sèlman 10 santim gouvènman an jwenn.

Daniel Supplice, ki abòde dosye elektoral la tou, kontinye pou l di gouvènman ayisyen an toujou apiye lide pou vòt la dewoule anvan fen ane a. Sepandan, li raple se Kolèj Elektoral la kap òganize eleksyon an, e gouvènman an envite tout pati, kèlkeswa tandans yo (Lavalas, Makout, elatriye) pou yo patisipe nan vòt la.

Klike sou “koute” pou w swiv yon ekstrè yon entèvyou Misye Supplice bay Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG