Accessibility links

Breaking News

Siri-Gè Sivil: Prezidan Assad Pare pou l Pwopoze yon Seselfe


Nouvèl ki sòti Damas, kapital Siri, fè konnen gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la anonse li dizpoze mande yon seselfe nan lagè ak militan rebèl yo, lè li va ap patisipe nan yon konferans entènasyonal sou patwonaj Oganizasyon Nasyon Zini pou mete fen nan konfli a. Vis Premye Minis siryen an, Qadri Jamil, ki tap pale ak jounal britanik The Guardian, deklare konfli a rive nan yon pwen kote sitiyasyon an bloke; paske, daprè li, okenn nan 2 kan yo pa gen kapasite pou l ranpòte laviktwa sou lòt la.

Misye Jamil kontinye pou l di gouvènman siryen an pare tou pou l pwopoze sa li rele “yon fen nan entèvansyon entranjè nan zafè Siri » ak lansman “yon pwosesis politik pasifik” nan konferans la ki te sipoze dewoule depi lontan deja nan vil Jenèv, an Swis.

Depi kèk mwa deja, Lèzetazini ak Larisi ap eseye wè si gouvènman Assad la ak rebèl yo ta aksepte patisipe nan konferans sa a. Yon premeye round negosyasyon –ki te dewoule ane pase a sou lide rankont la-- te fin pa echwe, paske okenn nan 2 pati yo pat prezante. Opozisyon siryèn nan, ki divize, te di li pap patisipe nan konferans la si Prezidan Bashar al-Assad pat kite pouvwa a.

Efò entènasyonal kap fèt pou jwenn yon solisyon politik pou konfli nan Siri, vin relanse aprè Washington ak Moskou fin jwenn yon antant ki mande pou rejim Assad la elimine tout asnal zam chimik li a. Anvan Lèzetazini ak Larisi te rive jwenn « deal » sa a, administrasyon Obama a te menase pou l lanse yon aksyon militè pou l pini gouvènman Assad la poutèt akizasyon ki di li te lanse yon atak ak zam chimik ki te touye plizyè santèn moun nan yon katye ki anba men rebèl yo nan vil Damas.

Toujou sou dosye siryen an
Nan Washington, kèk otorite nan Administrasyon Obama a bay reyaksyon yo apre Prezidan Bashar al-Assad te bay chèn televizyon amerikèn, Fov-TV News, yon entèvou kote, antwot, li demanti akizasyon ki di se lame l la ki te lanse atak ak zam chimik la. Jedi 19 septanm nan, nan yon rankont pòt-pawòl Mezon Blanch-la, Jay Carney, fè chak jou ak laprès, li fè kèk kòmantè sou entèvyou a. Misye Carney declare:

“Mwen panse 2 bagay: Premyèman, misye di gen yon moun ki responsab pou atak ki te touye sivil pa bann e pa pakèt –pami viktim yo te genyen timoun. Epi, mwen sipoze si w itilize gaz anpwazonnen pou w ansasinen pwòp pèp ou, san bliye timoun piti, mwen pa panse ou pral rekonèt sa an piblik.”

Jounalis yo te kontinye pou yo mande Misye Carney, antwòt, konbe lajan sa pral koute pou yo elimine tout lasnal zam chimik Siri a, ki genyen ladan n zam tankou: Moutard, V-X, saren, ak pwazon mòtèl ki rele “syanure” la.

Pòtpawòl Mezon Blanch la te reponn pou l di: “Mwen pa genyen yon pri presi pou operasyon sa a. Men, sa m kapab di, sè ke li nan enterè (oubyen li ta dwe nan enterè) pèp siryen an, nan enterè tout pèp nan rejyon an, nan enterè Lèzetazini e nan enterè tout pèp nan lemond, pou nou wè yo elimine tout lasnal chimik Siri an san danje, wete sa anba kontwòl Assad, epi detrui li nèt, dekwa pou misye pa kapab sèvi ak zam konsa ankò.”

Bò kote pa l, Sekretè Deta John Kerry te gen okazyon tou, nan menm jounen jedi a, pou l repete pozisyon ofisyèl Lèzetazini sou dosye zam chimikm siryen an. Li te abòde dosye a anvan li te kite podyòm nan pou pòtpawòl li a, Marie Harf, fè yon rankont ak laprès ki dewoule chak jou nan Depatman Deta a.

Misye Kerry di: "Batay konsènan zam chimik Siri yo, se pa yon jwèt; se yon batay reyèl e li enpòtan. Li enpòtan pou lavi moun nan Siri. Li enpòtan pou rejyon an, li enpòtan pou lemond ke nou mete an aplikasyon antant nou te rive jwenn nan vil Jenèv la."

Lè Chèf diplomasi amerikèn nan mansyone antant vil Jenèv la, lap pale de yon akò li menm ak kòlèg ris li a, Sergei Lavroff, te jwenn nan fen semèn pase a aprè kèk negosyasyon maraton nan kapital Laswis la e ki mande pou rejim Assad la elimine tout asnal zam chimik li a.
XS
SM
MD
LG