Minis afè etranjè Larisi a, Sergei Lavrov, ap resevwa kòlèg fransè li a, Laurent Fabius, madi 17 septanm 2013 la, pou yo fè chita-tande nan moman puisans mondyal yo ap eseye mete yo dakò sou konteni yon rezolisyon Nasyon Zini ap anvizaje pou l elimine zam chimik peyi Siri yo. Jiskaprezan, Larisi tap reziste devan presyon Lafrans, Lèzetazini ak Lagrand Bretay ap fè pou mete nan dokiman an yon menas itilizasyon lafòs si Siri pa konfòme l.
Rankont kap dewoule nan Moskou ant chèf diplomasi Larisi ak Lafrans la, ap fèt yon jou aprè enspektè Nasyon Zini te remèt rapò yo sou ankèt yo te mennen nan Siri konsènan itilizasyon zam chimik nan lagè sivil kap dewoule nan peyi sa a. Daprè sa rapò a di –nap site: “Genyen prèv klè e konvenkan ki montre moun te sèvi ak gaz anpwazonnen ki rele “saren an” sou yon echèl relativman laj nan yon atak ki te fèt mwa pase a sou kèk katye nan vil Damas”, fen sitasyon.
Lendi 16 septanm 2013 la, Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, te prezante devan Konsèy Sekirite a ak Asanble Jeneral la pou l bay detay sou rapò a. Misye Ban di:
“Dekouvèt yo pa kite plas pou dout e yo montre moun komèt krim de gè nan atak sa-a; se yon vyolasyon grav pwotokòl 1925 la ak lòt règleman dwa entènasyonal.
Se konfimasyon ki pi enpòtan ki montre moun itilize zam chimik kont sivil, depi Saddam Hussein te sèvi ak zam konsa nan rejyon Halabja ann 1988, e se itilizasyon zam ki pi tèrib ki touye moun pa bann e pa pakèt nan 21èm syèk la.”
Nan jounen lendi a toujou, Washington avèk Lond te fè konnen yo vle yon rezolisyon dyanm e solid ki fikse yon delè presi, klè e obligatwa pou Siri remèt tout zam chimik li yo.