Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Obama sou Siri / Reyaksyon Doktè Frantz A. Leconte


Doktè Frantz Antoine Leconte, pwofesè nan CUNY (Univèsite Kominotè New York) ki fè kèk analiz ak kòmantè sou mesaj Prezidan Barack Obama mete devan nasyon amerikèn nan nan sware madi 10 septanm 2013 la sou sitiyasyon an nan Siri, di desizyon lidè ameriken an pran pou l mande Kongrè a ranvaye yon vòt sou otorizasyon lafòs kont Siri, se yon desizyon rezonab.

Pwofèsè Leconte di, avèk desizyon sa a, Misye Obama montre sajès an menm tan ke li fè wè lagè se pa premye chwa li, lè li deside tann rezilta kèk nouvo efò diplomatik.

Sepandan doktè a atire atansyon sou le fèt ke Prezidan Obama di opsyon militè a toujou sou tab la, si diplomasi pa bay rezilta.

Klike sou “koute” pou w swiv yon entèvyou Pwofesè Leconte bay Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG