Nan yon mesaj televize prezidan ameriken an, Barack Obama, mete devan nasyon an nan sware madi 10 septanm 2013 la, li fè konnen li jwenn ankourajman nan yon nouvo efò diplomatik k ap fèt pou rezoud kriz ki pete akoz atak ak zam chimik ki te dewoule nan peyi Siri mwa pase a.
Sepandan lidè ameriken an di prensip Lèzetazini ap defann yo ak sekirite nasyonal li twouve yo “an je” nan Siri, e se posib pou Kongrè a toujou genyen pou l vote pi ta pou l apiye yon posib atak militè limite kont Siri.
Avèk mesaj sa a, Misye Obama reyalize angajman li te pran pou l pale dirèkteman ak pèp ameriken an sou sa li konsidere kòm gwo danje ki poze pou sekirite mondyal la si atak chimik ki te fèt nan Damas, kapital Siri, nan dat 21 out pase a, pa jwenn yon repons apwopriye, fèm, solid e dyanm.
Aprè prezidan an fin raple kantite moun ki pèdi lavi yo nan atak sa a (swa omwen mil 400 moun : gason, fanm ak timoun), li di lemond pa kapab aksepte yon atak ke prezidan siryen an, Bashar al-Assad, lanse sou pwòp popilasyon peyi li.
Misye Obama deklare: “Lè diktatè komèt atwosite, yo espere lemond pral fèmen je sou sa, jiskaske foto ki montre atwosite sa yo fin sòti nan memwa nou; men, atwosite konsa se bagay ki rive. Moun pa ka iyore verite sa a. Kesyon ki poze kounye a, se : " Kisa Lèzetazini d Amerik ak kominote entènasyonal la pare pou yo fè ak sa ? "
Misye Obama kontinye pou l di, si yon atak militè ta nesesè, objektif li se tap pou dekouraje itilizasyon zam chimik epi degrade, diminye kapasite gouvènman Assad la pou l sèvi ak zam konsa ankò.
Daprè prezidan Obama, tout aksyon militè Washington ta lanse, se pa tap yon operasyon total e san limit tankou lagè Irak ak Afganistan yo, ni non plis tou sa pa tap reklame sèvis fòs ayeryèn Lèzetazini an, jan sa te fèt nan Kosovo ak Libi. An menm tan tou, atak militè sa a tap reyalize 2 lòt objektif: 1). Redui risk ki poze pou kèk alye Lèzetazini --tankou Izrayèl, Jòdani ak Tuki; epi 2). Voye yon mesaj klè bay, antwòt, yon alye peyi Siri, an palan de Iran.
Misye Obama di :
"Si nou pa leve-kanpe kont itilizasyon zam chimik, sa pral diminye respè pou entèdiksyon nou mete sou lòt kalte zam ki ka touye moun pa bann e pa pakèt, epi sa ka ranfòse pozisyon yon alye Assad, peyi Iran, ki genyen pou l deside eske li dwe vyole dwa entènasyonal avèk konstriksyon yon zam nikleyè, oubyen chwazi yon wout ki pi pasifik."
Nan moman kote sondaj dopinyon yo montre yon gwo majorite ameriken pa dakò ak lide yon atak militè kont Siri, Prezidan Obama lanse apèl bay manm Kongrè a ak sitwayen ki t ap swiv mesaj la lakay yo nan televizyon, apèl kote li ensiste sou nesesite pou Lèzetazini pase alaksyon kont rejim Assad la, menmsi li deside bay diplomasi yon chans aprè nouvèl te sòti Moskou pou di Larisi ak Lafrans rive jwenn yon plan kote peyi Siri aksepte mete lasnal zam chimik li a anba kontwòl entènasyonal.
Supwen sa a, lidè ameriken an di : “Poutèt sa, mwen mande lidè Kongrè a pou yo ranvwaye yon vòt sou otorizasyon itilizasyon zam pandan nap eksplore vwa diplomatik sa a. Map voye Sekretè Deta Kerry nan Moskou Jedi e map rapousuiv pwòp kontak pa mwen avèk Prezidan Putin."
Pandan batay yo ap kontinye nan Siri, ant fòs gouvènmantal yo ak militan rebèl yo, Prezidan Obama pran angajman pou l redouble efò lap fè pou jwenn yon solisyon politik pou lagè sivil sa a ki la depi 2 zan; men li ensiste pou l di opsyon militè a toujou sou tab la.
“Mwen mande tout manm Kongrè a e sila yo kap swiv nan televizyon lakay yo aswè a, pou yo gade video sou atak chimik la, epi pou yo mande tèt yo: Nan ki mond nou pral viv, si Lèzetazini d Amerik konstate yon diktatè vyole dwa entènasyonal tout eksprè, lè li itilize gaz anpwazonnen, epi nou deside fèmen je nou sou sa?”
Klike sou “Koute” pou w swiv vèsyon audio repòtaj sa a avèk Jean Robert Philippe e Lyonel Desmarattes.