Accessibility links

Breaking News

Yon Atak Militè Lèzetazini Kont Siri Toujou Posib


Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fè konnen sitiyasyon an nan Siri ap vin pi konplike e pi mal. Chèf diplomasi amerikèn nan pale konsa pandan li tap bay yon konferans pou laprès bone nan jounen lendi 9 septanm 2013 la, nan vil Lond, ann Angletè, ansanm avèk kòlèg britanik li a, William Hague, nan moman previzyon ap ogmante konsènan yon posib atak militè kont Siri poutèt gouvènman peyi sa a ta swadizan itilize zam chimik kont pwòp pèp li.

Pi gwo diplomat Lèzetazini an kontinye pou l di Washington gen prèv ki montre se rejim siryen an ki te pase lòd pou yo lanse atak la. Bò kote pa l, Misye Hague di prezidan siryen an, Bashar al-Assad, manifeste yon mepri kriminèl pou byennèt pèp li a, e Lèzetazini ap jwenn yon apui total-kapital bò kote La Grand Bretay pou tout sa l vle fè konsènan Siri.

Byen bonè anvan sa e toujou jodi lendi a, Minis Afè Etanjè siryen an, Walid al-Moallem, te deklare yon atak militè Lèzetazini kapab deranje efò kap fèt pou yon konferans entènasyonal dewoule, nan vil Jenèv, sou sitiyasyon an nan Siri yon fason pou chache yon solisyon pasifik pou konfli a.

Misye al-Moallem fè deklarasyon sa a nan vil Moskou, kapital Larisi, kote li tap bay yon konferans pou laprès ansanm avèk kòlèg ris li, Sergeri Lavrov. Misye Lavrov, li-menm, rejte tout entèvansyon militè etranje nan Siri; paske daprè sa li di: “Pa genyen anyen ki ka ranplase yon solisyon pasifik pou kriz la nan Siri.”

Nan Washington, nan mesaj Prezidan Barack Obama mete chak weekend devan pèp ameriken an, li di okenn peyi ki gen yon gouvènman ki respekte prensip inivèsèl dwamoun yo, pa kapab rete endiferan devan sa k pase nan Siri a.

Prezidan Obama di : "Nou pa kapab fèmen je nou sou atak chimik tankou konsa, menmsi li rive nan lòt bout mond la."

Prezidan Obama ap mennen yon estrateji a 2-vitès kote lap miltipliye kontak yo ak manm Kongrè a pou wè si yon majorite ta apiye yon plan datak militè kont peyi Siri; epi, yon lòt kote, lap chache fè pèp ameriken an aksepte nesesite pou Lèzetazini lanse atak sa a kont rejim Assad la.
XS
SM
MD
LG